Gid Konbit

Gid Konbit

Konbit : Yon fòs kolektif pou devlopman kominotè

Gid Konbit la se yon manyèl ki baze sou istwa, fòm, adaptasyon ak fason moun sèvi ak konbit, kote li eksplore senk valè ak douz prensip li yo.

Konbit se yon gwo tradisyon ki soti lakay nou an Ayiti, ki baze sou tèt ansanm ak solidarite. Li pran rasin nan agrikilti nan zòn riral, men valè ak pratik li yo sanble ak anpil lòt konsèp ki egziste atravè lemonn. Pratik istorik sa a jwenn yon nouvo souf anba men yon nouvo jenerasyon, kit se nan mòn kou nan lavil, kòm yon mwayen pou reveye fòs kolektif la toupatou an Ayiti.

Volim sa a te fèt atravè yon pwosesis kolektif kote plis pase 300 moun te patisipe, nan 55 atelye ki te gaye sou yon peryòd senk(5) lane. Se yon dokiman ki vivan epi k ap evolye, ki fèt pou enspire aksyon kominotè k ap dirije lokalman an Ayiti, ansanm ak mouvman tèt ansanm ki makonnen ak kilti lòt kote nan lemonn.

Nan Gid la, w ap jwenn :
- 5 valè
- 12 prensip
- 10 etap pou reyalize yon inisyativ ki enspire pa konbit
Ak anpil lòt bagay ankò!

Gid Konbit la fèt pou nenpòt moun, kit se an Ayiti oswa lòt bò dlo, ki vle angaje yo tout bon vre ak istwa epi kilti ayisyen an atravè teyori ak pratik devlopman kominotè.

The kindle version of the guide is up on Amazon now!