RAJEPRE

RAJEPRE

Rezo Ajan Jèn Angaje pou Pwoteksyon Reyèl Anviwònman an (RAJEPRE)

Fonde nan dat 24 jen 2006, RAJEPRE se yon òganizasyon kominotè lokal ki tabli nan Fourgy, yon lokalite nan Cité Soleil.

Òganizasyon an travay sou plizyè kestyon tankou edikasyon timoun defavorize yo, sansibilizasyon kominote a sou kestyon ki gen rapò ak anviwònman, agrikilti, dlo, sanitasyon ak ijyèn (WASH), pwoteksyon, ak vyolans ki baze sou sèks (VBG).

Li sipòte jèn yo tou atravè divès aktivite, tankou fòmasyon sou lidèchip, antreprenarya ak konpetans lavi.

Òganizasyon an deja antre nan yon pwosesis re-òganizasyon estriktirèl pou ranfòse kapasite entèn li epi devlope estrateji dirabilite.

RAJEPRE genyen 183 manm, ak yon komite egzekitif ki gen 7 manm, ansanm ak yon konsèy ekstèn ki gen 3 ekspè.

Misyon

Entèvni sou pwoblèm anviwònmantal ak sosyal yo pou amelyore kondisyon lavi moun ki pi defavorize yo.

Vizyon

Rive jwenn yon anviwònman ki an sante, epi ankouraje yon edikasyon ki chita sou patisipasyon ak entegrasyon tout moun nan aktivite sosyo-ekonomik ak kiltirèl kominote a.

Deviz

Ann mete tèt ansanm pou yon vrè chanjman sosyal.

Domèn entèvansyon

Education – Environment – Agriculture

Legalizasyon

RAJEPRE genyen dokiman rekonesans legal ki soti nan:
- Ministè Afè Sosyal ak Travay (No. STC-08483)
- Meri Cité Soleil (No. OM-008623)
- Direksyon Jeneral Enpo (DGI)

Zòn entèvansyon

RAJEPRE opere nan Cité Soleil ansanm ak lòt rejyon nan peyi a atravè Gwoupman Kominotè de Baz (GCB) patnè yo.

RAJEPRE konekte dirèkteman ak platfòm CADEC, ki rasanble 150 òganizasyon kominotè nan Cité Soleil, epi li kolabore ak 18 lòt òganizasyon kominotè atravè patenarya ak Future Generation Haiti, nan kad pwogram Wozo Ayiti (2012), nan kat depatman: Latibonit, Nò, Lwès ak Sidès.

RAJEPRE se tou: Manm platfòm Table Ronde nan Haiti Communitere, Manm Mouvman Sosyal Gwoup Konbit.

Lòt patnè: Project Hope Art, Kouzin Dlo, Anacaona Community, Surge for Water, ak Organization of American States.

Rezo nou an

Òganizasyon ko-fondatris mouvman an

Òganizasyon ko-fondatris mouvman an se òganizasyon ki te patisipe, depi lansman li an 2022, nan kreyasyon ak estriktirasyon Gwoup Konbit.