POSIBLITE

POSIBLITE

POSIBLITE se yon òganizasyon apolitik e san bi likratif ki te fonde nan dat 10 novanm 2013 nan Mariani (komin Gressier), e ki rekonèt pa Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST) anba nimewo STK-30397.

Vizyon òganizasyon an se bati yon sosyete kote chak moun gen posibilite pou devlope potansyèl li, viv nan transparans, epi espere yon avni miyò.

Misyon

Misyon POSIBLITE se:

- Ankouraje devlopman sosyal ak edikatif;
- Kontribye nan amelyore kondisyon lavi nan kominote yo;
- Òganize fòmasyon, aktivite kominotè, ak pwojè devlopman dirab.

Rezo nou an

Òganizasyon ko-fondatris mouvman an

Òganizasyon ko-fondatris mouvman an se òganizasyon ki te patisipe, depi lansman li an 2022, nan kreyasyon ak estriktirasyon Gwoup Konbit.